Santiman — Kominikasyon ki genyen ant tout pati nan kò yon moun avèk kè li. Nenpòt bagay yon moun santi pou yon lòt tankou lide pou fè byen, mal … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Antèn — Yon ti pwent ki soti nan tèt kèk ti bèt pou pèmèt yonn kominike avèk lòt bèt parèy yo. Yon aparèy pou radyo, televizyon ki pèmèt kominikasyon ant aparèy sa yo pi fasil … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Entènèt — Yon mwayen kominikasyon ki pèmèt tout moun ki posede yon òdinatè avèk yon liy telefòn kominike ant yo. Pou kominike nan fason sa a, moun ablije ashte sèvis nan men yon konpayi ki vann sèvis sa a e yo kapab kominike avèk nenpòt moun nan nenpòt… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Peyizan — Moun ki ap viv nan yon peyi. Moun nan yon peyi ki ap viv kote ki gen plantasyon, jaden lwen kapital peyi a, vil peyi a. Moun nan yon peyi ki manke mwayen kominikasyon pou benefisye tout bote sivilizasyon … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Radyo — Yon mwayen kominikasyon ki egziste ant yon gwo aparèy elektwo mayetik ki voye son nan lespas e yon ti aparèy elektwo mayetik ki ap resevwa son sa yo. Kantite ti aparèy ki kapab resevwa son sa yo pa gen limit. De ti aparèy de moun, pou pi piti,… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Santi — Eta yon bagay ki bay yon sant moun pa renmen, yon sant ki move. Eta yon move kominikasyon ant plizyè manb nan kò yon moun. Si yon bagay toushe yon moun, pati sa a nan kò a ap kominike enfòmasyon an bay yon lòt pati nan kò a; konsa moun nan ap… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Teleco — Premye e sèl konpayi telefòn nan peyi Ayiti pandan anpil ane pou jis lè kèk ti konpayi kòmanse rantre nan peyi a, nan finisman ane katreven dis yo. Konpayi sa a te gen monopòl tele kominikasyon nan peyi a e li pate kapab reponn a bezwen telefòn… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Telefòn — Yon mwayen kominikasyon ki pèmèt de ou plis moun kominike de lwen depi yo gen yon aparèy telefòn ki lye avèk yonn nan santral telefonik yon konpayi ki bay sèvis telefonik. Nan kòmansman evolisyon telefòn konpayi yo te konnen itilize fil sèlman… … Definisyon 2500 mo Kreyòl